Haitian Creole Bible

Numbers 32

Numbers

Return to Index

Chapter 33

1

¶ Men non tout kote moun Izrayèl yo te pase depi apre yo tout te soti kite peyi Lejip tankou yon lame, avèk Moyiz ak Arawon alatèt yo.

2

Dapre lòd Seyè a te bay Moyiz, chak kote yo te rive, li te make non kote a anvan yo reprann vwayaj yo.

3

Moun pèp Izrayèl yo te kite lavil Ranmsès jou ki te kenzyèm jou nan premye mwa a, yon jou apre premye Fèt Delivrans lan. Yo soti kite peyi a devan je tout moun peyi Lejip yo san pesonn pa di yo anyen.

4

Lè sa a, moun peyi Lejip yo t'ap antere premye pitit gason yo. Se Seyè a menm ki te touye yo. Se konsa li te fè wè li gen plis pouvwa pase bondye moun peyi Lejip yo

5

Moun pep Izrayèl yo kite lavil Ranmsès, yo rive yon kote ki rele Soukòt. Se la yo moute kan yo.

6

Apre sa, yo kite Soukòt, y' al moute kan yo Etam ki sou limit dezè a.

7

Yo kite Elam, yo tounen sou Pi ayiwòt, ki anfas Baal-Sefon, bò solèy leve, epi yo moute kan yo devan Migdòl.

8

Yo kite Pi ayiwòt, yo travèse Lanmè Wouj la, yo rive nan dezè a. Yo pase twa jou ap mache nan dezè Etam lan, yo rive Mara kote yo moute kan yo.

9

Yo kite Mara, yo rive Elim kote ki te gen douz sous dlo ak swasanndis pye palmis. Yo moute kan yo la.

10

Yo kite Elim, y' al moute kan yo toupre Lanmè Wouj la.

11

Yo kite Lanmè Wouj, y' al moute kan yo nan dezè Zin lan.

12

Yo kite dezè Zin lan, y' al moute kan yo Dofka.

13

Yo kite Dofka, y' al moute kan yo Alouch.

14

Yo kite Alouch, y' al moute kan yo Refidim kote pèp la pa t' jwenn dlo pou yo bwè a.

15

Yo kite Refidim, y' al moute kan yo nan dezè Sinayi a.

16

Yo kite dezè Sinayi a, y' al moute kan yo Simityè Grangou.

17

Yo kite Simityè Grangou, y' al moute kan yo Azewòt.

18

Yo kite Azewòt, y' al moute kan yo Ritma.

19

Yo kite Ritma, y' al moute kan yo Rimonn Perèz.

20

Yo kite Rimonn Perèz, y' al moute kan yo Libna.

21

Yo kite Libna, y' al moute kan yo Risa.

22

Yo kite Risa, y' al moute kan yo Keyelata.

23

Yo kite Keyelata, y' al moute kan yo sou mòn Chefè a.

24

Yo kite mòn Chefè a, y' al moute kan yo Arada.

25

Yo kite Arada, y' al moute kan yo Makelòt.

26

Yo kite Makelòt, y' al moute kan yo Tayat.

27

Yo kite Tayat, y' al moute kan yo Tara.

28

Yo kite Tara, y' al moute kan yo Mitka.

29

Yo kite Mitka, y' al moute kan yo Asmona.

30

Yo kite Asmona, y' al moute kan yo Mosewòt.

31

Yo kite Mosewòt, y' al moute kan yo Benè-Jakan.

32

Yo kite Benè-Jakan, y' al moute kan yo Ogidgad.

33

Yo kite Ogidgad, y' al moute kan yo Jotbata.

34

Yo kite Jotbata, y' al moute kan yo Abwona.

35

Yo kite Abwona, y' al moute kan yo Ezyongebè.

36

Yo kite Ezyongebè, y' al moute kan yo nan dezè Zin lan, ki vle di Kadès.

37

Yo kite Kadès, y' al moute kan yo sou mòn Or, toupre fwontyè peyi Edon an.

38

Dapre lòd Seyè a te bay la, Arawon, prèt la, moute sou tèt mòn lan. Se la li mouri. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo te gen trantnevan kat mwa yon jou depi yo te soti kite peyi Lejip.

39

Lè Arawon mouri sou mòn Or la, li te gen sanvenntwazan sou tèt li.

40

Wa Arad, yon moun Kanaran ki te rete nan pati sid peyi Kanaran yo rele Negèv la, vin konnen moun Izrayèl yo t'ap rive.

41

Se konsa, moun Izrayèl yo kite Mòn Or la, y' al moute kan yo Zalmona.

42

Yo kite Zalmona, y' al moute kan yo Pounon.

43

Yo kite Pounon, y' al moute kan yo Obòt.

44

Yo kite Obòt, y' al moute kan yo Ije abrarim nan peyi Moab la.

45

Yo kite Ije abrarim nan peyi Moab la, y' al moute kan yo Dibon Gad.

46

Yo kite Dibon Gad, y' al moute kan yo Almon-Diblatayim.

47

Yo kite Almon-Diblatayim, y' al moute kan yo sou mòn Abarim yo, anfas Mòn Nebò, bò solèy leve.

48

Yo kite mòn Abarim yo, y' al moute kan yo nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.

49

Yo te moute kan yo nan tout plenn Moab yo, toupre larivyè Jouden an, depi Bèt ayechimòt jouk Abèl-Chitim.

50

¶ Antan yo la nan plenn Moab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:

51

-Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo pou mwen. Lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden pou nou antre nan peyi Kanaran an,

52

se pou nou mete tout moun ki rete nan peyi a deyò. N'a kraze tout estati zidòl yo fè nan moul, osinon ki fèt ak wòch, n'a demoli mete atè dènye kay kote moun yo fè sèvis pou bondye yo.

53

N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l' paske se mwen menm ki ban nou li pou bitasyon nou.

54

N'a tire osò pou nou ka separe l' bay chak branch fanmi pa yo. N'a bay branch fanmi ki anpil la yon gwo pòsyon. N'a bay branch fanmi ki pa anpil la yon ti pòsyon. Chak branch fanmi va resevwa pòsyon ki va vin pou l' a. Se konsa n'a separe tè a bay chak branch fanmi zansèt nou yo pa yo.

55

Men, si nou pa mete moun ki rete nan peyi a deyò, sa ki va rete yo pral ban nou gwo pwoblèm. Y'ap tankou yon pay ki tonbe nan je nou, osinon tankou pikan k'ap pike nou nan tout kò nou. Yo pral tounen yon tizon pou nou lè n'a fin tabli nan peyi a.

56

Lè sa a, sa m' te fè lide fè yo a, se nou m'ap fè l'.

Numbers 34

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: