Haitian Creole Bible

Job 30

Job

Return to Index

Chapter 31

1

¶ Mwen te fè sèman pou m' pa janm gade yon jenn fi avèk move lide.

2

Kisa Bondye ki anwo a ap fè nou konsa? Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a sere pou nou?

3

Li voye malè pou moun ki pa mache dwat. Li voye tribilasyon pou moun k'ap fè mechanste.

4

Eske Bondye pa konnen tou sa n'ap fè? Eske li pa wè tout vire tounen m'?

5

Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun?

6

Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat.

7

Si mwen janm pran chemen kwochi pou mwen, si mwen te kite lanvi anvayi kè m', si mwen janm mete men m' nan sa ki mal,

8

se pou lòt moun rekòlte sa mwen plante. Se pou yo rache tout ti plant k'ap pouse nan jaden m'.

9

¶ Si mwen te kite yon lòt fanm pran tèt mwen, pou m' al kache devan pòt yon frè mwen ap veye,

10

se pou madanm mwen fè manje pou yon lòt gason. Se pou lòt gason kouche avè l'.

11

Se yon gwo bagay sal mwen ta fè la a. Se bagay pou yo ta touye m'.

12

Se ta tankou yon gwo dife mwen limen pou fini avè m' nèt. Li ta boule dènye sa m' genyen.

13

Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m', si mwen ta refize mete rezon an kote l' ye a,

14

kisa mwen ta fè, lè Bondye parèt devan m'? Lè l'a mande m' kont, kisa m'a reponn li?

15

Menm Bondye ki fè m' nan vant manman m' lan, se li menm tou ki fè yo nan vant manman pa yo. Se li menm ki kreye nou tout.

16

¶ Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite.

17

Mwen pa janm kite timoun san papa yo rete grangou pou m'ap manje manje m' pou kont mwen.

18

Okontrè, depi m' fèt, m' sèvi ak timoun sa yo tankou papa ak pitit. Depi m' soti nan vant manman m', m'ap pran swen vèv yo.

19

Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra,

20

mwen ba yo rad pou mete sou yo, mwen pran lenn sou do mouton m' pou m' ba yo chofe.

21

Si m' te janm aji mal ak yon timoun san papa paske mwen konnen y'a toujou ban m' rezon nan tribinal,

22

enben, se pou zepòl mwen dejwente, se pou de bra m' kase.

23

Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'.

24

¶ Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'.

25

Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen.

26

Mwen pa janm adore solèy ak lalin lè yo klere byen bèl nan syèl la.

27

Mwen pa janm pèdi tèt mwen pou m' sèvi yo an kachèt.

28

Sa a tou, yo ta mèt touye m' si m' ta fè l', paske mwen ta nye Bondye ki gen tout pouvwa a.

29

Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo.

30

Mwen pa janm kite bouch mwen chape pou m' ta ba yo madichon, pou m' ta rive mande lanmò pou yo.

31

Tout moun k'ap viv nan kay avè m' konnen mwen toujou byen resevwa tout moun lakay mwen.

32

Vwayajè pa janm dòmi deyò nan lari. Pòt kay mwen toujou louvri pou yo.

33

¶ Mwen pa janm kache peche m' pou pesonn. Ni mwen pa janm fè sa ki mal an kachèt.

34

Mwen pa janm pè sa moun ap di. Mwen pa janm pè louvri bouch mwen ni pè mete pwent tèt mwen deyò, paske mwen ta pè pou moun pa lonje dwèt sou mwen.

35

Pa gen pesonn pou koute sa m'ap di la a? Mwen fin di sa pou m' di a. Koulye a, se Bondye ki pou reponn mwen. Si moun ki pa vle wè m' lan ta voye papye nan tribinal pou mwen,

36

mwen ta pote papye sa a sou zepòl mwen san ankenn wont. Mwen ta mare l' sou tèt mwen, tankou yon kouwòn.

37

Mwen ta di Bondye dènye sa mwen fè. Mwen ta kenbe tèt mwen dwat devan l'.

38

Si se vòlò mwen te vòlò tè m'ap travay la kifè koulye a tè a ap mande m' kont,

39

si mwen te manje rekòt jaden an san peye travayè yo kifè koulye a y'ap pote plent pou mwen,

40

enben, se pikan ak chadwon ki pou leve nan jaden m' kote ble ak lòj te konn pouse. Se konsa Jòb te fin pale.

Job 32

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: